Kwe m Si w Vle

Folder: 
Message Courrant

Poèm "antre pye m nan soulye pa w"

KWÈ SI W VLE!

Gen de gason 
Madan marye ke 
Yo rantre tout plat men yo
Anndan latya yo 
E pran pou pratik 
Gen pi bon renome 
Ke madan m pa yo
Ki koke avèk yo sèlman
Paske yo gen pwoblèm nan tèt yo
Yo di konsa menm jan 
Yap deplimen madanm nèg la
Se konsa ya fè madanm pa yo
Yo toujou negatif de pa yo
Paske yo konnen sa ke yap deyò a.
Se rele gen pwoblèm.

Kwè si w vle!
Si Ou marye avèk gason lòtbô wèst yo,
Men m si ou te pase 2 gason 
Di yo ke se yo ki premye a
E ke Ou pa konnen ki jan ou pèdi
Atansyon, konnen ke wap 
Boule ak ti Jezi nan pò krab
Yo pi jis pase kana
Se rele gen pwoblèm.

Kwè si w vle!
Pito ou pase pou ti kreve san senyen 
Olye pou ou pran yon seri de tretman 
Yo gen pou yo Viv avè w tankou ènmi
Epi fè fanmi yo pran w pou vye moun 
Ak moun fou, yap di yo
Ou di sa ke w pat di de yo
Yo gen pou yo fè manti sou ou bay fanmi yo
Dekwa pou yonn pa abòde w
Pou yo pa tande pati pa w la.
Se rele gen pwoblèm.

Kwè si w vle!
Se kòm si yo pa vle wè fanm pò o prens 
Yap koke w di, epi yap di w ke
Fanm yok-ap toujou di ke yo
pa gen gwo bagay, 
Ou pa fouti di ke ou te santi yo
Yo pale avè w selon sa lôt moun di yo
San analyze w pou tèt pa yo
Epi yo toujou gen yon vye istwa 
De fan m pò o prens te fè mal
Pou yap rakonte w
Si w vle konprann,
Wa li lèt la ant gimè yo.

Kwè si w vle!
Yo tèlman pa panse
Yo di ke yo pa gen preferans
Ant fan m kap fòse yo ejakile rapid
Avèk fan m ki kite yo pran inè de tan
E voye lè yo vle deshaje
Moun yo di ke, yo sèlman bezwen 
Trou pou yo fouye, repete "fouye"
Fouye tankou krab ak skòpyon
Kap antre nan trou tè bò dlo 
Men, yo pa aksepte ke se sa yo di
Se rele gen pwoblèm

Kwè si w vle
Fan m marye ke yo pwaye 
Toujou genyen yon bon rezon 
Pou ba yo koke bouda yo.
Men madan m yo mèt toujou anndan yon kay,
Li bouzen pase kana.
Se rele gen pwoblèm
Kwè si w vle!

Author's Notes/Comments: 

Se rele,

Se rele gen pwoblem

View kbissainthe5's Full Portfolio